Chè etidyan MLC yo,
Non mwen se Joane, e gen anpil nan nou ki konnen mwen nan biwo a oswa paske mwen ede etidyan nan klas yo. Mwen te kòmanse isit la kòm yon etidyan tou, kidonk mwen konnen sa li ye lè w ap aprann angle pou fanmi w, pou travay ou, ak pou avni ou. MLC te chanje lavi mwen, e kounye a mwen rekonesan paske mwen ka ede lòt moun sou chemen yo.
Jodi a, mwen ap ekri nou paske nou bezwen èd nou.
Gen plis granmoun pase tout tan k ap chèche antre nan klas angle yo, men finanse pwogram gratis sa yo vin pi difisil pase anvan. Nou vle kenbe klas yo gratis, nou vle ajoute plis lè ak plis nivo, epi nou vle asire ke pèsonn pa dwe tann pou aprann — men nou pa ka fè sa poukont nou.
Yon ti don ka fè yon gwo diferans
Menm yon ti kontribisyon kapab ede anpil.
Avèk Flanzer Philanthropic Trust, don nou double, sa vle di:
Sèlman $5 pa mwa tounen $120 pa ane pou sipòte pwogram yo.
Epi men yon bagay ki vrèman fò:
Si sèlman 75 etidyan te bay $5 pa mwa, sa ta finanse yon klas antye pou yon ane.
Nou menm plis pase nenpòt moun konnen jan klas sa yo enpòtan.
Èske w pami moun ki pral bay pou ede lòt moun aprann tou?
Don nou ede:
- kenbe klas yo gratis pou tout moun
- ouvri plis lè pou pa gen lis tann
- soutni tutè ak pwofesè yo
- ranfòse pwogram angle yo nan tout nivo yo
Lè ou bay, ou pa sèlman ede tèt ou — ou ede yon lòt etidyan jwenn konfyans, jwenn plis opòtinite, soutni fanmi yo, epi santi yo fè pati kominote a.
Bay jodi a
Nou ka bay yon sèl fwa oswa yon ti don chak mwa ki double isit la:
https://donate.flanzertrust.org/donations/manatee-literacy-council/
Mèsi paske w fè pati fanmi aprantisaj sa a. Mèsi paske w sipòte youn lòt. E mèsi paske w ede nou kontinye misyon ki te ede ou, mwen, ak anpil lòt moun.
Avèk anpil rekonesans,
Joane
Volontè & Ansyen Etidyan MLC
Manatee Literacy Council
Dear MLC students,
My name is Joane, and many of you know me from the office or from helping students in their classes. I started here as a student too, so I know what it’s like to learn English for your family, for your job, and for your future. MLC changed my life, and now I’m grateful that I can help others on their path.
Today, I am writing to you because we need your help .
More adults than ever are seeking access to English classes, but funding these free programs has become more difficult than ever . We want to keep the classes free, we want to add more hours and more levels, and we want to make sure no one has to wait to learn — but we can’t do it alone.
A small donation can make a big difference.
Even a small contribution can help a lot. With the Flanzer Philanthropic Trust , our donations are doubled , meaning: Just $5 per month turns into $120 per year to support the programs.
And here’s something really great! If just 75 students gave $5 per month, it would fund an entire class for a year.
We, more than anyone, know how important these classes are.
Are you among those who will give to help others learn too?
Our donation helps:
- keep the classes free for everyone
- Open more hours so there is no waiting list
- support tutors and teachers
- strengthen English programs at all levels
When you give, you don’t just help yourself, you help another student gain confidence, find more opportunities, support their family, and feel part of the community.
We can give a one-time or small monthly donation that is doubled here:
https://donate.flanzertrust.org/donations/manatee-literacy-council/
Thank you for being part of this learning family. Thank you for supporting each other. And thank you for helping us continue the mission that has helped you, me, and so many others.
With much gratitude,
Joanne
MLC Volunteers & Alumni
Manatee Literacy Council

Recent Comments